top of page

Direktè Jeneral Lapolis peyi Dayiti

Pòtoprens, 9 jen, 2019 Nòt pou Laprès Nan okazyon manifestasyon jounen dimanch 9 jen 2019 la, lapolis fè sal kapab poul jere foul moun yo ak tout pasyon yo ak pwofesyonalis. Li panse li te kapab bay tèt li yon bon nòt pou bon Jan travay li konnen li fè. Poutan nou wè sou rezo sosyo yo video yon polisye k’ap maspinen yon sitwayen ki kouche plat atè. Pratik sa yo pa bèl ditou pou enstitisyon ki se garanti demokrasi nan yon Leta ki mache anba lalwa, sitou deviz Lapolis la se pwoteje ak sèvi. Se poutèt sa, Enspeksyon Jeneral Lapolis Nasyonal la te resevwa bon Jan lòd pou mennen ankèt prese prese pou idantifye tout polisye sispèk ki enplike nan bagay si la a, pou aplike lalwa ak règleman enstitisyon an kòm lalwa mande. Nan ka vyolasyon dwa moun ki fèt la, n’ap remèt yo bay Lajistis pou tout rès fomalite yo. Direksyon Jeneral Lapolis la raple tout polisye ke dwa pou tout moun gen lavi se yon bagay ki enpòtan menm jan ak libète lapawòl, se sa lalwa mande e li nan konstitisyon nou an. Pa gen okenn moun ki gen pouvwa pou fann dwa moun an miyèt moso. Bon Jan fòs la, se lalwa ki genyen l ! Michel-Ange Gedeon

Direktè Jeneral Lapolis peyi Dayiti



 
 
 

Comentários


LOGO BONAMI.png

qui sommes-nous

Radio Alliance inter est une station de radio qui s´engage en matiere de radiodiffusion. Nous sommes en plein coeur du Santiago de Chili avec une équipe extrêmement motivée pour fournir un service tres dynamique en matiere d´informations, Sports,ect......

Radio Alliance Inter La Radio Du Monde

bottom of page