Extranjería ap fè tout moun konnen limit pou moun ki nan Prosesis Regilarizasyon an se 23 Jiyè 2019,
- Radio Alliance Inter
- 12 mar 2019
- 1 Min. de lectura

🚨 Infomasyon Enpotan 🚨
Extranjería ap fè tout moun konnen limit pou moun ki nan Prosesis Regilarizasyon an se 23 Jiyè 2019, si yo relew diw viza w pre pa pedi tan jus monte sou sit https://reservahora.extranjeria.gob.cl/ingreso
Bat pou w we si wa ka pran yon le pou w al pran viza paw la .
Kounyea kesyon nou ta renmen poze
Konbyen nan yo Extranjería voye di yo viza yo prè deja?
E konbyen nan yo tou ki poko janm ka pran lè pou al pwan viza a?
E konbyen nan yo ki pa janm jwenn yon répons?
Kisa ki pwal pase âpre dat sa fini?
Moun ki poko jwenn anvan dat la e ki pa gentan pran viza yo âpre dat sa kisa ki pwal pase yo?
.Kisa Gouvènman nou an fè pou nou pou voye Sètifika tout Ayisyen yo ale anvan dat sa? Antouka bagay yo anpil nan men ti pesa e pa gen moun kap panse pou nou sk tou noumenm nan peyi chili neg yo vini isi deke yo vin tande pep la epoutan se vakans yo vin pase se plezi yo yo te vin pran juskametnan anyen pajanm kodi antouka kom se ayisyen se ayiti yo abitye monte fim yap kontinye fè teyat nan figi pep la.

Radio a Pa lot se Radio Alliance Inter Pa bliye pataje l pou fe nouvel la mache pou frè ak sè nou yo kon kote yo kanpe.
Mesi
Antouka
Comments